|
Pou Ayiti
peyi zansèt yo,
se pou-n mache men dan lamen.
Nan mitan-n, pa fèt pou gen trèt,
nou fèt pou-n sèl mèt tè nou.
An nou mache men dan lamen
pou Ayiti ka vin pi bèl,
an nou, an nou met tèt ansanm,
pou Ayiti onon tout zansèt yo.
Nou g'on drapo tankou tout pèp yo,
se pou n renmen l, mouri pou li.
Se pa kado Blan te fè nou,
se san zansèt nou yo ki te koule.
Pou nou kenbe drapo nou an,
se pou n travay, met tèt ansanm,
pou lòt peyi ka respekte n.
Drapo sila, se nanm tout Ayisyen.
|